Guide: Roles and Expectations in the Unaccompanied Refugee Minor (URM) Program - Haitian Creole
Guide: Roles and Expectations in the Unaccompanied Refugee Minor (URM) Program - Haitian Creole
FÈY ENFÒMASYON Gid: Wòl ak egzijans pwogram minè refijye san akonpayman an (Unaccompanied Refugee Minors, URM)
FACT SHEET
Kijan pwogram URM lan pral ede w?
Pwogram URM lan bay swen ak pwoteksyon pou refijye ak lòt jèn ki elijib, ki Ozetazini san paran, responsab legal oswa yon fanmi pou pran swen yo, epi ki pa kapab retounen nan peyi yo.
Pwogram URM lan pral ba w aranjman pou ou pran swen—sant dakèy, fwaye gwoup, lojman endepandan ki anba sipèvizyon, oswa ede w regwoupe fanmi w Ozetazini. Li pral ofri w tou lòt sèvis pou ede w reponn ak bezwen w yo epi pou w pwospere, tankou sèvis medikal, dantè, byennèt emosyonèl ak sèvis sante mantal; edikasyon; kou sou lavi endepandan nan yon nouvo kilti; ak yon oryantasyon kiltirèl pou ede w abitye ak nouvo anviwònman ou a epi vin yon pati nan nouvo kominote w la pandan w ap onore eritaj etnik, kiltirèl ak relijye w yo.
Kisa wòl ak egzijans yo nan pwogram URM lan ye?
Pwogram URM lan gen egzijans ak règ pou ou menm ak lòt moun k ap pran swen ou yo pou ede w rete an sekirite epi an sante, jwenn estati imigrasyon legal Ozetazini, epi aprann kijan pou viv poukont ou. Se biwo reyentegrasyon refrijye (Office of Refugee Resettlement, ORR) ki finanse pwogram lan, men règ egzak pwogram lan varye selon eta a.
Ou menm
- Aprann epi respekte egzijans pwogram lan, lekòl la ak kondisyon travay la (si w ap travay).
- Rankontre epi kominike regilyèman avèk manadjè dosye w la.
- Itilize kominikasyon ouvè, ak respè ak tout moun nan pwogram URM lan:
- Eksprime sa w bezwen ak sa w vle yo
- Patisipe nan fikse objektif ak nan planifye avni ou.
- Swiv règ lojman an gwoup ou a—pataje enfòmasyon onèt sou kote w prale ak sa w ap fè.
- Ale nan randevou w yo oswa anile yo byen davans.
- Fè pwogrè pou rive viv poukont ou.
- PA patisipe nan aktivite ilegal oswa danjere.
Moun K ap Bay Swen yo
- Moun k ap bay swen yo ka se paran adoptif timoun sant dakèy yo, responsab legal yo, oswa anplwaye fwaye gwoup yo.
- Yo mete règ ak egzijans yo klè.
- Yo reponn ak bezwen debaz chak jou ou yo, tankou manje, rad, pwodwi ijyèn ak yon kote pou dòmi an sekirite.
- Yo akeyi ou nan yon anviwonman fanmi ki bay sipò oswa yon estrikti kay pou yon ti gwoup.
- Yo fasilite edikasyon ou epi sipèvize pwogrè w nan lekòl la; epi ede w prepare w pou viv poukont ou.
- Moun k ap bay swen yo dwe kominike avèk manadjè dosye w yo.
Manadjè dosye yo
- Rankontre epi kominike avèk ou regilyèman.
- Asire yo reponn ak bezwen debaz ou yo. Manadjè dosye yo pral kowòdone epi kontwole lojman, edikasyon, manje ki pou kenbe w an sante epi ki apwopriye, rad, swen sante, sipèvizyon ki apwopriye ak laj ou, transpò pou w ale nan randevou, aksè nan aktivite amizan yo, koneksyon kiltirèl ak prezèvasyon eritaj etnik, sèvis relijye, ak swen sante mantal.
- Travay an patenarya ak moun k ap bay ou swen yo pou fè yon plan sèvis endividyèl epi travay jiskaske w rive fè tout afè w poukont ou.
- Eksplore opòtinite pou regwoupman fanmi.
- Defann sèvis edikasyon, kiltirèl, medikal, imigrasyon/legal.
Avoka yo
Entèaksyon ak yon avoka pral depann de bezwen espesifik ou yo, ka imigrasyon, ak kondisyon tribinal nan eta ou ye a. Kèk eta ka gen lòt reprezantan, tankou yon Defansè Espesyal Tribinal la nonmen (Court Appointed Special Advocate, CASA) oswa yon Avoka-responsab pwoteksyon timoun (Lawyer-Guardian Ad Litem, LGAL) k ap sipòte ka w la.
- Avoka imigrasyon yo ka ede w jwenn estati imigrasyon legal, reponn kesyon sou imigrasyon oswa vwayaj andeyò peyi a, epi ba w konsiltasyon sou entèraksyon avèk fòs delòd.
- Avoka Depandans yo ka reprezante w nan tribinal depandans (tribinal timoun) epi ede w konprann gid tribinal depandans yo. (Sipèvizyon tribinal depandans la diferan dapre eta a.)
IEntèprèt ak tradiktè yo
- Entèprete yon lang nan lang ou pale ou pi pito a nan randevou yo si sa a nesesè, an pèsòn, sou entènèt, oswa pa telefòn, epi bay enfòmasyon kiltirèl.
- Tradwi pwogram lan ak lòt dokiman pou ou si sa a nesesè.
- Kenbe konfidansyalite strik lè w kenbe enfòmasyon w prive.